PouSiOuPaTKonnen – Sa k ap pase nan depatman Grandans lan, se yon katastwòf. Anpil kote pa gen dlo, sa mete moun yo nan gwo kalamite kote timoun epi bèt peyizan yo ap mouri swaf dlo. Daprè sa yon sous rapòte nou jodi madi 7 mas la, yon moun bezwen pou pi piti 200 goud pou l achte yon bokit dlo nan komin tankou Pestèl, Koray ak Bomon. Sa pa bon nan vil Jeremi tou kote si w pa gen 25 goud, ou pa nan dlo. Sitiyasyon sa a rive akoz lapli pa janm tonbe, anpil nan sous yo sèch, sechrès ap fini ak moun yo. Pou evite yo tonbe mouri pa pil ak pa pakèt, abitan yo lanse yon SOS bay otorite yo pou pote yo sekou. An menm tan, yo mande nenpòt òganizasyon ki kapab pou lonje men ba yo pou diminye nan lapèn yo, kote y ap achte yon bokit dlo pou 200 goud alòske yo pa menm gen lajan.
Pour avoir accès exclusif aux contenus de #PouSiOuPaTKonnen, suivez-nous en cliquant ici: ↓
Twitter: https://bit.ly/3UEihDT
WhatsApp: https://bit.ly/41vMuaB
Telegram: https://t.me/pousioupatkonnen
Facebook: https://bit.ly/408FhMt
Threads: https://tinyurl.com/yckykf53