PouSiOuPaTKonnen – Oldjyson Pierre se yon ti gason ki genyen 13 lane. Madi 14 mas, pandan li te sou wout ap sòti Senmak pou vin Pòtoprens, valiz li ki te gen paspò l ak lèt randevou Anbasad amerikèn li pèdi nan yon ti bis Pap Padap. Ti pitit la te bezwen vin fè tès medikal pou kesyon rezidans li kay Tonton Sam men dokiman yo pèdi. Poutèt sa, pwòch li yo mande nenpòt moun ki ta jwenn valiz sa a ki te gen 850 dola ameriken ladan tou pou depoze li nan Radyo Karayib (RTVC) oswa rele nan +509 4328 6762 pou li ka jwenn paspò a ak lèt randevou anbasad la, dapre sa jounalis Luckson Saint-Vil rapòte.
PS: yon ti tan aprè #PouSiOuPaTKonnen fin lanse SOS la, nou aprann ta sanble paran Oldjyson Pierre jwenn paspò a. Sonje, nou la pou ede w.

Pour avoir accès exclusif aux contenus de #PouSiOuPaTKonnen, suivez-nous en cliquant ici: ↓
Twitter: https://bit.ly/3UEihDT
WhatsApp: https://bit.ly/41vMuaB
Telegram: https://t.me/pousioupatkonnen
Facebook: https://bit.ly/408FhMt
Threads: https://tinyurl.com/yckykf53