PouSiOuPaTKonnen – Se yon « nurse » ki rele Clara Guillaume ki pataje ti konsèy sa a. Selon sa li ekri sou kont Twitè li jodi jedi 16 mas la, lè yon fanm fin fè bagay, li dwe kreye yon mwayen kanmèm ki pou fè l pipi. Si pipi pa kenbe l, li dwe bwè yon gode dlo ki pou pwovoke pipi a. Daprè sa Mis Guillaume di, lè fi a fin fè bagay epi li pipi, sa ap ede l lite kont enfeksyon irinè.
« Medam, sonje al pipi a chak fwa nou fin fè bagay. Si nou pa gen pipi, bwè yon gwo gode dlo pou n ka gen pipi pa twò lontan. Aksyon sa ap ede nou fe prevansyon kont enfeksyon irinè ! », se sa Clara Guillaume ekri, e li mande pou tout moun pataje konsèy la pou medam yo ka konnen ti teknik sa a k ap ede yo lite kont enfeksyon irinè.

Pour avoir accès exclusif aux contenus de #PouSiOuPaTKonnen, suivez-nous en cliquant ici: ↓
Twitter: https://bit.ly/3UEihDT
WhatsApp: https://bit.ly/41vMuaB
Telegram: https://t.me/pousioupatkonnen
Facebook: https://bit.ly/408FhMt
Threads: https://tinyurl.com/yckykf53