PouSiOuPaTKonnen – Malgre SOS nou te lanse pou li an janvye, Gallinah Delva toujou lopital. Daprè sa yon pwòch li rapòte nou jodi dimanch 26 mas la, yo transfere ti pitit fi 15 lane sa a nan lopital Sen Franswa Sal (Saint-François de Sales). Li fè yon timè (tumeur), li gen yon emoraji ki pa janm kanpe sou li, lavi li an danje e li bezwen san pou l ka rete vivan. Pou rezon sa a, paran tifi a mande tout moun ki kapab pou pote yo sekou pou ede yo jwenn yon ti san. Gwoup sangen malad la se O+.
Yon moun ki vle ede kapab pase nan santral Kwa Wouj la ki nan batiman Dijisèl la (Turgeau), epi di ou vin bay san pou Gallinah Delva oubyen tou, kontakte fanmi an nan +509 4161 6361 oudimwens +509 3623 9897. Si yon moun pa ka bay san, li ka pataje mesaj la tou pou bay kout men pa li nan sove lavi ti fi 15 lane sila a.

Pour avoir accès exclusif aux contenus de #PouSiOuPaTKonnen, suivez-nous en cliquant ici: ↓
Twitter: https://bit.ly/3UEihDT
WhatsApp: https://bit.ly/41vMuaB
Telegram: https://t.me/pousioupatkonnen
Facebook: https://bit.ly/408FhMt
Threads: https://tinyurl.com/yckykf53