PouSiOuPaTKonnen – Graten pa fin twò bon pou sante. Oubyen tou an n di pito, chodyè Ayisyen fè manje yo lakoz graten se yon danje pou sante yo. Lè yon moun ap grate yon chodyè ki fèt an aliminyòm, gen chans pou li grate aliminyòm nan tou ki bay pwoblèm sante tankou vomisman, dyare, pèt memwa ak maladi alzaymè. Se sa doktè Kerry Norbrun ekri nan yon mesaj li pibliye sou Twitè 10 avril pase a.
« Graten pa bon pou sante, chodyè nou yo gen aliminyòm, lè manje an fè graten, graten an vin kole nan chodyè an. Lè w grate graten ki nan chodyè an, ou otomatikman leve a aliminyòm nan. Aliminyòm nan ka bay pwoblèm balònman, dyare vomisman, li konn bay pèt memwa e menm ka koze maladi alzaymè », se sa doktè a deklare. Pi devan, li pote yon ti presizyon aprè kesyon yon entènot pou di an reyalite se pa graten an ki pwoblèm nan, men pito chodyè nou sèvi yo. Ki vle di, si chodyè a fèt an aliminyòm epi moun nan mal grate graten an, menm si se te yon bon ti graten diri blan ak sòs pwa, li ka bay pwoblèm sante tankou alzaymè. Pridans.
Pour avoir accès exclusif aux contenus de #PouSiOuPaTKonnen, suivez-nous en cliquant ici: ↓
Twitter: https://bit.ly/3UEihDT
WhatsApp: https://bit.ly/41vMuaB
Telegram: https://t.me/pousioupatkonnen
Facebook: https://bit.ly/408FhMt
Threads: https://tinyurl.com/yckykf53